Soti nan "Vann Pwodwi" pou rive nan "Vann Transfòmasyon" : Gid Pratik FTOA

Anpil antreprenè an Ayiti panse yo vann savon, rad, oswa sèvis lojistik. Men, verite a se : kliyan ou yo pa janm achte yon pwodwi. Yo achte yon transfòmasyon.
Dapre metodoloji Marketing Promise Playbook nou an, si ou vle konvèti yon vizitè an kliyan fidèl, ou dwe sispann pale de sa pwodwi a ye, pou w pale de sa li fè nan lavi moun nan.

1. Sitiyasyon "Anvan" an : Doulè Marie ak Rodney ap pase

Imajine Marie k ap pase tout jounen l ap reponn mesaj sou WhatsApp san li pa fè yon lavant solid, oswa Rodney ki pè voye machandiz li Ozetazini paske li pa konprann sistèm ladwann lan.
Sa se “L’Avant” (Anvan an) :
● Yon sitiyasyon ki pa alèz.
● Yon santiman ensètitid.
● Yon biznis ki bloke nan nivo lokal.

2. Pwomès la (USP) : Sèl Pon ki egziste

Pwomès ou a (Unique Selling Proposition) se sèl pon ki vizib ant doulè Marie/Rodney kounye a ak siksè yo espere a. Li dwe reponn ak prensip Essentialisation a : yon sèl fraz kout ki pwovoke yon chanjman.
Nan FTOA, nou itilize Modèl O.P.E.N. pou nou konstwi pon sa a :
● Opòtinite : Louvri pòt mache entènasyonal la.
● Pwomès : Garanti konfòmite ak livrezon.
● Eksplikasyon : Kijan metodoloji Five fit nou an fonksyone.
● Netwayaj : Retire tout dout ak laperèz (ladwann, peman, sekirite).

3. Future Pacing : Visualise "Apre" a

Se la “Maji” a fèt. Jan Playbook la di l : “Sèvo moun gen mal pou fè diferans ant yon eksperyans li viv ak yon eksperyans li imajine ak anpil emosyon.”
Fè egzèsis sa a :
Fèmen je w. Imajine li se 5:00 nan apremidi. Ou resevwa yon notifikasyon sou telefòn ou : 50 koli ou yo fenk debake nan depo Ozetazini san okenn pwoblèm. Ou santi yon gwo soulajman, yon
fyète, epi ou wè chif dafè w k ap moute an dola.
Lè nou ekri pou Marie ak Rodney, nou vann yo santiman viktwa sa a, pa sèlman yon fòm ladwann.

4. Prèv ak Konfyans : Poukisa FTOA ?

Pou transfòmasyon sa a fèt tout bon, nou baze estrateji nou sou reyalite :
● Done Bank Mondyal sou komès nan peyi a.
● Rappò ofisyèl Ladwann pou evite sipriz.
● Metodoloji FIVE FIT nou an ki sekirize Kapital ak Lojistik ou.
Chif kle : 80% nan siksè yon lavant depann de kapasite w pou w fè kliyan an santi li “deja” nan siksè a gras ak yon pwomès klè.

5. Aksyon Imedyat : Kòmanse Transfòmasyon w la

Yon pwomès san aksyon se yon manti. Men sa ou dwe fè kounye a :
Estrateji “Magnetic Hook” :
Ekri yon sèl fraz pou biznis ou ki kòmanse pa : “Mwen ede [Moun nan] soti nan [Doulè li genyen] pou li rive nan [Viktwa li vle a] nan mwens pase [Tan].”
Èske w prè pou w sispann vann karakteristik epi kòmanse vann rezilta ? Ki pi gwo blòk k ap anpeche w janbe pon an jodi a ?

Pataje sa avèk nou nan kòmantè yo, n ap reponn chak moun !
FTOA — L’exp
ertise au service du e-commerce

Picture of John-Peter Duval

John-Peter Duval

Specialist in digital marketing, growth strategies, and lead generation.
Passionate about branding and digital storytelling.

Marketing Director of
FTOA LLC

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Shopping Cart