Pèp Ayisyen, fanmi FTOA, bonjou!
FTOA Marketplace se pa yon senp platfòm, se rezilta yon konviksyon pèsonèl ak yon apèl ijan. Nou pa ka bliye jou trajik 19 avril 2023 a kote lavi nou te chavire. Men, se nan gwo doulè sa a ke yon vwa te chichote nan lespri Fondatè nou an, Fritzner Loresmy, li di: “Fritzner Loresmy à ton Tour!” Yon apèl pou transfòme chagren an aksyon, pou fè aksè ak teknoloji a vin yon zouti jistis ekonomik.
Vizyon FTOA a klè : Nou kwè teknoloji se kle pou delivrans jèn antreprenè yo. Si platfòm entènasyonal yo (tankou Amazon) bloke pòt yo, nou menm n ap bati pa nou an, youn ki adapte ak reyalite Ayiti, men ki ouvè pou tout mond lan. FTOA se pon an, ki konekte anbisyon lokal ak opòtinite global yo.
Valè nou yo se Fondasyon nou :
Aksesibilite : E-commerce pou tout moun, kèlkeswa kote w ye.
Rezilans : Sèvi ak difikilte kòm yon fòs.
Edikasyon : Nou fòme w anvan nou mande w vann.
Inovasyon : Jwenn solisyon pou pwoblèm peman ak lojistik ki parèt enposib.
Enklizyon : Tout mounn konsène—Atizan, Freelance, Komèsan, Elèv.
Chemen “Five Fit” pou Akouche Pwojè a
Pou pwojè FTOA a ka solid, nou pa kite anyen poukont li. Nou bati l ak yon metodoloji pwouve yo rele “Five Fit” , ki se 5 etap pou asire yon pwojè gen siksè.
1. Problem-Solution Fit (Pwoblèm ak Solisyon an Matche)
Nou te kòmanse pa gade pwoblèm nan. Premye rechèch ak obsèvasyon nou yo te revele yon verite amè. Nou te fè yon premye analiz (anvan ankèt sa a) ki te montre ke plis pase 90% nan jèn antreprenè ayisyen yo reve vann pwodwi yo aletranje, men yo bloke pa twa (3) gwo baryè : aksè a kont biznis entènasyonal, lojistik chè, ak mank de fòmasyon sou E-commerce. Sa a te konfime ke solisyon nou an – FTOA – te nesesè absoliman!
2. Product-Market Fit (Pwodwi a Matche ak Mache a) – Faz Aktyèl la!
Se la nou ye kounye a! Nou konnen nou gen solisyon an, men èske solisyon an adapte ak sa mache a vle egzakteman?
Ki sa ou vle vann?
Konbyen ou dispoze peye pou sèvis sipò konplè nou yo?
Ki fòmasyon ki pi ijan pou ou?
Nou pa vle devlope yon platfòm nan biwo nou san nou pa konnen bezwen ou. Se poutèt sa nou lanse GWO ANKÈT sa a jodi a!
Wòl Fondamantal Ou : Patisipe kounye a!
Antreprenè Ayisyen an Ayiti, ou menm ki nan Dyaspora a, patisipasyon w se pa yon opsyon, se AD-N PWOJÈ A.
Antreprenè an Ayiti : Nou bezwen konnen sou lojistik ou, kapasite ekonomik ou, ak volonte w pou w peye pou yon platfòm ki garanti w peman sekirize ak livrezon. Repons ou yo ap detèmine ki karakteristik (dropshipping, boutik pèsonalize) nou dwe priyorize.
Dyaspora : Ou se PON an! Nou bezwen opinyon w sou sa w pare pou w achte an Ayiti ak konbyen lajan w aksepte peye pou sipòte yon antreprenè an Ayiti.
FTOA pa ka akouche tèt li pou kont li. Se yon mouvman, e chak repons nan ankèt la se yon brik pou bati avni E-commerce Inklizif la.
One thought on “FTOA Marketplace: Soti nan Doulè rive nan Oportinite – Kounye a, nou bezwen w pou Bati Avni an!”
Bon bagay FTOA