Chè zanmi antreprenè, nou tande nou!
Nou konnen dènye semèn sa yo te chaje ak enfòmasyon sou gwo opòtinite LIVEGOOD la. Petèt nou te twò konsantre sou ki jan pou fè lajan (LIVEGOOD) epi nou bliye rakonte poukisa n ap fè sa (FTOA).
Nou vle klè avèk nou aswè a : FTOA rete pwojè pou bati premye platfòm E-commerce Ayisyen ki vrèman serye a. Vizyon nou an pa chanje!
Nou konnen pi gwo pwoblèm nou yo se Logistik (41% pè), ak Piblisite (47% mande fòmasyon). Se sou sa nou kontinye travay, daprè demach syantifik FIVE FIT la.
Men, nou reyalize yon antreprenè bezwen lajan pou l finanse biznis li, espesyalman Piblisite.