Skip to content

5 erè pou w evite lè w lanse boutik ou sou entènèt.

vann sou entènèt, fè biznis sou entènèt, FTOA Marketplace, erè e-komès, komès anliy Ayiti W ap lanse boutik ou sou entènèt ? Evite 5 erè sa yo pou w mete plis chans sou bò ou avèk FTOA Marketplace.
E-komès ap vin youn nan pi gwo opòtinite pou antreprenè Ayisyen yo, ni an Ayiti ni aletranje. Men, anpil moun toujou fè menm erè ki anpeche biznis yo grandi. FTOA Marketplace pataje avèk ou 5 erè enpòtan pou w evite si w vle reyisi sou entènèt.

1. NEGLIJE IMAJ MAK OU

Mak ou se premye enpresyon kliyan an genyen de ou. Logo ki pa klè, koulè ki pa pwofesyonèl, oswa mesaj ki konfizyon ka fè moun pa fè konfyans ou. Asire w mak ou gen yon idantite klè, serye, epi fasil pou rekonèt.

2. Mal CHWAZI PWODWI W AP VANN

Se pa tout pwodwi ki adapte pou vann sou entènèt. Ou dwe fè rechèch sou sa kliyan yo bezwen, sa ki gen demann, epi sa ki fasil pou transpòte ak delivre. Yon bon chwa pwodwi ogmante chans lavant ou.

3. PA EKRI BON DESKRIPSYON PWODWI YO

Yon pwodwi san bon foto, san detay, oswa san pri klè ap gen difikilte pou vann. Chak fich pwodwi dwe gen:
Foto klè
Deskripsyon senp ak konvenkan
Avantaj pwodwi a Pri ak kondisyon livrezon

4. SÈVI AK MOVE PLATFÒM
OSWA PA GEN PLATFÒM DITOU

Vann sèlman sou rezo sosyal tankou Facebook oswa WhatsApp pa sifi pou bati yon biznis solid. FTOA Marketplace ofri ou yon platfòm pwofesyonèl ak zouti ki ede w òganize pwodwi ou, touche plis kliyan, epi grandi biznis ou.

5. NEGLIJE SÈVIS KLIYAN

 kliyan satisfè se pi bonSèvis kliyan se kle siksè ou. Repons ki pran twòp tan, move kominikasyon, oswa neglijans plent ka fè kliyan pa janm retounen. Yon piblisite pou biznis ou.

 

Siksè ou sou entènèt depann de jan ou prepare w depi nan kòmansman. Lè w evite erè sa yo epi w itilize zouti serye tankou FTOA Marketplace, ou mete plis chans sou bò ou pou konstwi yon biznis dirab ak pwofitab.
👉🏾 Telechaje GRATIS :
“Gid Pratik pou Reyisi nan E-Komès an Ayiti” (PDF)

Loading PDF...

Pare pou kòmanse oswa amelyore biznis ou sou entènèt ?
🔗 Rejwenn kominote vandè ak achtè nou yo
Le e-commerce pour tous FTOA pour vous tous...!