Skip to content

49 VWA REVELE SEKRÈ A! Pè ou se LIVREZON, men SOLISYON an se FÒMASYON!

Chè zanmi antreprenè, atizan, etidyan ak jèn pwofesyonèl Ayisyen,

Nou vle di yon GWO MÈSI bay 49 moun vanyan ki pran angajman yo pou reponn GWO ANKÈT FTOA MARKETPLACE la. San vwa sa yo, nou t ap travay nan fènwa. Men, kounye a, nou gen limyè sou sa NOU BEZWEN vre!

Jodi a, nou pataje rezilta yo pou montre w sa ki pral konstwi platfòm E-commerce pa nou an.

1 Pwoblèm N°1 : Pa gen Kòb, se Pèd Machandiz!

  • Lè nou te mande : “Ki pi gwo difikilte w rankontre pou vann aletranje?”
  • 41% nan nou reponn se “Livre machandiz ou (Livrezon)”.
  • 22% nan nou reponn se “Peye lajan (Peman)”.

 

SA SA VLE DI : Pi gwo pé nou se pou machandiz nou pa rive oswa li pa rive a tan. Nou tande nou! Nou pap janm bati FTOA san nou pa gen yon garanti livrezon solid, rapid, ak serye.

 

2 Bezwen N°1 : Ou gen Pwodwi, Men ou Vle Aprann Vann!

Nou te mande tou : “Ki kalite fòmasyon ki pi enpòtan pou ou kòmanse vann an liy?”

_47% nan nou reponn se “Piblisite sou Entènèt”.

_15% nan nou reponn se “Fòmasyon pou voye machandiz (Lojistik)”.

SA SA VLE DI : Ou gen talan an. Ou gen pwodwi a (tankou 53% nan nou ki vle vann Rad/Bijou/Akseswa). Men, ou bezwen visibilite a! FTOA dwe vin premye Lekòl E-commerce an Ayiti, kote Piblisite ak Maketing se priyorite.

 

3 Kòb Pa Yon Pwoblèm, se Valè a! (Volonté de Payer)

Gen moun ki di : “Platfòm sa a dwe gratis.” Men, nou te poze kesyon sou valè sipò konplè (Sekirite + Fòmasyon + Lojistik).

E BYEN : 80% nan 49 moun yo pare pou peye yon ti kòb (ant $5 ak $20 USD pa mwa) pou asire yo gen yon platfòm serye!

Sa a montre ou gen konfyans nan valè sèvis nou pral ofri w la. $10 USD pa mwa, pou aksè total ak yon fòmasyon piblisite pwofesyonèl ak yon garanti lojistik, se pri endepandans finansye ou.

 

APÈL FINAL : 80% Kòmanse Revolisyon an, Vini Fini l!

Si ou te toujou ap gade nou. Si ou te toujou ap mande tèt ou: “Èske FTOA ap reyisi?”

Men repons lan : 80% nan moun ki reponn yo di YO PARE pou vann sou FTOA nan 3 mwa!

Nou gen yon baz solid. Nou gen direksyon an. Men, pou nou ka jwenn bidjè pou bati yon gwo platfòm ki reponn ak tout bezwen nou yo, nou dwe rive nan 500 vwa.

Pa rete ap gade revolisyon an ap fèt. VINI INFLIYANSE DESIZYON FINAL LA!

Klike la a Kounye a pou w rantre nan 500 Vwa yo :

➡️ [https://forms.gle/FgcN11QbnrnN6qnX6]

 

#FTOAPouToutMoun #E-commerceAyiti #451VwaAnkò

 

Pataje atik sa a ak tout zanmi w nan Dyaspora a ak moun ki reve vann aletranje!

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *